30 lane travay pou zafè moun andeyò a kaba

jeudi 16 février 2012

Si Se Pa Nou Se Ki Yès? Ayisyen se potomitan rekonstriksyon Ayiti.















Jou kite 25 janvye 2012 lan, ITECA te òganize yon seremoni nan Ti Boukan Gresye pou remèt kle bay 100 moun ki te patisipe nan konstriksyon 100 premye kay pami 1700 kay nan gwo kokennchen pwojè ITECA gen pou l reyalize nan Ti Boukan.
Ki sa pwojè sa ye?Tou swit pre gwo katastwòs 12 janvye 2012 lan, ITECA te pote kole ak kominote Ti Boukan nan gwo mobilizasyon pou ede popilasyon nan gwo moman difisil sa a yo li tap travèse a. ITECA te bay yon kout men nan fè yo jwenn abri pwovizwa , zouti agrikòl, istansil kwizil, swen sante ak dlo potab. Aksyon ITECA yo pat rete nan sa sèlman,nou te tanmen yon pwojè konstriksyon nan objektif pou rekonstwi pandan 3 lane (2012-2114) 1700 kay ki mezire 36 mèt kare. chak kay ap genyen yon sitèn ki kenbe 1000 galon, yon latrin ak yon sistèm ekleraj ki mache ak enèji solèy.
Ki jan ITECA ap reyalize pwojè sa a? Pwojè gen 2 faz: yon faz pilòt ki deja fini ki gen ladan 100 kay ak yon lòt faz ki kontinye konstwi rès 1600 kay ki rete yo. Pwojè sa chita sou 3 potomitan: yon pati nan pwojè a marande ak manman objektif pou bon jan amelyorasyon kondisyon lavi kominote Ti Boukan. Lòt pati nan pwojè se motive epi mobilize moun nan kominote a pou rive travay nan tèt ansanm nan yon gwo konbit rekonstriksyon ki tanmen nan Ti Boukan an. Lòt pati nan pwojè a toujou se gade anndan pwojè a ki nou mete kape enfrastiki kominotè tankou sant lwazi, sant sante ak lòt enfrastrikti pou pwoteje anviwonman an. Nap souliye pwojè a pa mobilize fami patisipan yo sèlman, men lòt aktè nan kominote a tankou òganisasyon peyizan yo ak otorite lokal yo.Pwojè sa gen poul kontinye ane sa a,ITECA prevwa konstwi 500 kay nan Ti Boukan.

lundi 12 décembre 2011

Premye distribisyon pousen ki soti nan enkibatè a nan kad pwojè ITECA-CCHC

















Jou ki te 7 desanm 2011 lan ekip Iteca ak CCHC te òganize yon seremoni nan okazyon distribisyon premye pousen ki soti nan enkibatè a.Ki moun ki te patisipe nan seremoni sa a ? Pou ITECA se yon manm fondatè Georges Werleigh ak pou CCHC Hervens Jeanty ak Hugues Joseph,reprezantan kowoperasyon peyi Kanada Dominique Roseti, Sekretè Deta pou pwodiksyon animal Michel Chancy,pou minitè agikiliti se Bernadette Charles ki nan SDDAO Leogane ak Jean Michel Gaznor ki nan Bac Gresy, reprezantan ministè planifikasyon Michel Contan, depite sikonskripsyon Gresye a Ronald Oscar, majistra Michelet Paul, ak 2 manm nan Katel Kazek seksyon Ti Boukan Belice Jean Elissaint,Francois, Telus reprezantan benefisyè yo Mystha Pierre ak plizyè benefisyè pami 500 yo ki te vin chache pousen. Se tout ekip ITECA a ki te mobilize pou fè aktivite sa a reyisi. Nap raple pou tout moun pwojè sa a te kòmanse depi nan mwa oktòb 2010.Pou derape nou te mobilize epi rive estriktire 500 jèn (300fanm 200gason) òganizasyon nan kominote a te chwazi. Pandan mwa novanm pou rive desanm 2010 nou reyisi fòme 20 ajan pandan 3 semèn. Ajan sa yo fè swivi sou teren voye je gade kijan benefisyè ap gade poul yo, kontwole epi bay poul yo swen lè yo merite. Nan menm peryòd sa a nou òganize yo konpay vaksinasyon kote asanm ak 20 ajan ki te pran fòmasyon nou rive vaksinen 3000 tèt volay. Se nan moman sa a 500 jèn yo te pran yon fòmasyon sou teknik pou fè elvaj poul.
Nan mwa janvye 2011 pou rive avril 2011 500 jèn yo te pran fòmasyon sou kijan pou jere yon ti antrepriz. Se nan menm peryòd la nou te distribiye materyèl pou benefisyè konstwi ti poulye yo ,materyèl sa yo gen ladan l :Bwa ki soti lòt bò,griyaj metalik, klou, 4 fèy tòl, 2 majwa ak 2 abrevwa. Soti mwa me 2011 pou rive jen nou te ditribiye 7000 poul ak 1000 kòk Zenga ak Wouj.
Nan mwa dawou 2011 nou te kòmanse enstale yon enkibatè ki pran 19000 ze. Nan mwa sektanm 2011 lan poul yo ponn 72 ooo ze .Nan mwa oktòb 2011 nou kòmanse ranmase ze fètil epi fè premye enkibasyon.Nou kòmanse konstwi yon pousiyè epi pwodiksyon ze a vin monte nan 83000. Nan mwa novanm 2011 premye lo pousen kòmanse kale, nou vaksinen 9000 tèt volay epi nou distribye pousen ki te nan enkibatè a bay benefisyè yo.Pandan seremoni an tout moun ki te pran la pawòl te voye gwo kout chapo pou ITECA ak CCHC ki reyalize gwo pwojè sa a nan Ti Boukan.Gen moun ki kwè pwojè sa se yon modèl pou anpil lòt zòn ta dwe swiv. Nou espere ITECA ap kontinye vanse asanm ak CCHC ak òganizasyon nan Ti Boukan yo pou reyalize lòt pwojè pou kore pwodiksyon peyi a.Se ak kè kontan anpil benefisyè te vin pran ti pousen yo apre seremoni an.

dimanche 20 novembre 2011

Pwojè rekonstriksyon kay nan Ti Boukan ap vale teren.






Pwojè rekonstriksyon kay nan Ti Boukan ap vanse tout bon. Depi nan fen mwa Oktòb la gen plizyè kay nan lokalite Fonma ak Ti Ginen ki kòmanse kouvri , benefisyè yo kontan anpil pou jan travay yo ap mache. Sou 100 kay ITECA gen poul konstwi en kolaborasyon ak Caritas Suisse gen plis pase 70 ki fin pare pou resevwa twati. Se sitou nan lokalite kote kamyon pako ka rive gen 30 kay ki pako pare, anplis de difikilte wout la gen lapli ki bay anpil pwoblèm nan transpò materyo pou rive kote nap konstwi kay yo . Pou rezoud pwopblèm transpò sa nou te oblije itilize bèt tankou milèt ak cheval. Nou espere ak kanpo sezon lapli a bay depi kèk jou transpò materyo yo ap vin pi fasil. Nou sèten tou anvan lane a fini tout kay ap gen tan fini pou tout 100 benefisyè gentan rantre nan kay yo avan 12 janvye 2012 ak kè kontan.

Ekip medsen SFD(Sante Fòmasyon Devlopman) yo kontinye fòmasyon pou ajan sante ,pwomotè ak matwòn nan Ti Boukan ak kolaborasyon ITECA.












Soti 31 Oktòb pou rive 11 Novanm ekip SFD a retounen pou nan Ti Boukan pou kontinye pwogram fòmasyon pou ajansante,pwomotè, ak matwòn yo Pandan sesyon sa a fòmatè SFD yo anplis de tèm tankou alètman, dyare, maladi po, medsen yo te travay ak patisipan yo sitou sou enpòtans vaksinasyon . Poukisa paske yo te konstate anpil ti moun nan Ti Boukan pa gen kanè vaksinasyon.Se pou rezon sa a yo prepare yon fòmilè pou pwomotè yo reyalize yon ankèt sou kesyon vaksinasyon an. Kòm nou abitye fèl ekip SFD a fè plizyè klinik mobil nan 4 lokalite sa yo : Laflè, Nakou, Madotan, ak Nan Goula. Nan chak klinik sa yo medsen SFD yo konsilte pou piti 80 epi moun yo te jwenn medikamen gratis.Moun Ti Boukan ak ITECA voye yon gwo kout chapo pou tout ekip SFD a pou bon jan travay sa a yap fè nan zòn nan depi kèk tan.

mercredi 26 octobre 2011

Pwojè poul ak CCHC nan Ti Boukan ap vanse









Pwojè sa a te derape nan mwa oktòb 2010, nap raple nou pwojè sa a, se yon pwojè ki gen pou objectif pou kreye aktivite ki pou pèmèt jèn nan seksyon Ti Boukan rantre lajan epi pou pi devan monte yon ti antrepriz. Gen 500 jèn ki benefisyè dirèk nan pwojè a 300 fanm ak 200 gason, antou nou distribye 7000 poul ak 1000 kòk Zenga ak Wouj ki gen laj 8 semenn, chak benefisyè resevwa 14 pou ak 2 kòk. Distribisyon poul yon te fèt nan mwa me ak jen. Alapapòt pwojè a nou te fè 2 seri fòmasyon pou 500 benefisyè yo, yon fòmasyon sou jesyon ti antrepriz ak yon fòmasyon sou teknik elvaj poul. Apre fòmasyon an, nan mwa avril nou te kòmanse distribiye materyèl pou konstwi kalòj pou poul yo tankou : griyaj, tòl, bwa, klou, manjwa ak abrevwa. Chak benefisyè jwenn 10 mèt griyaj, 4 fèy tòl, 2 manjwa, 2 abwevwa, plis bwa ak klou. Depi mwa jiyè ak dawou poul yo kòmanse ponn, pandan dawou ak sektanm nou enstale yon enkibatè pou kale ze yo, enkibatè sa a gen kapasite 19200 ze. Nan mwa sektanm 2011 lan benefisyè yo ranmanse plis pase 69000 ze. Ze sa yo benefisyè yo vann yo pou 125 goud chak katon 30 ze. Pou nouri poul yo, benefisyè yo resevwa chak 12 jou yon sak manje ki peze 55 liv. Soti 17 pou rive 21 oktòb benefisyè yo pote plis pase 8000 ze fètil pou mete nan enkibatè a. Vandredi 21 oktòb la nou mete enkibatè a anmach,nap tann vandredi 11 novanm pou nou retire premye ti poul ki kale yo.Nou konstate pwojè a kòmanse gen retonbe pozitif sou kominote a, jèn yo kòmanse vann ze pou rantre kòb, 500 fanmiy vin jwenn plis ze pou manje, vin gen plis ze ki disponib nan zòn nan, motosiklèt fè ti kòb yo nan transpòte manje poul epi ankouraje espri inityativ kay jèn yo