30 lane travay pou zafè moun andeyò a kaba

mardi 28 avril 2009

Yon ti kabrit ki fèt ak 3 pye




Nan vizit nou te fè jou ki te 22 avril 2009 nan mòn Ti Boukan nou te rankontre ak yon ti kabrit ki fèt ak 3 pye. Dapre Wilfredo doktè veterinè Kiben k ap kolabore ak ITECA di se premye fwa li rankontre yon ka konsa pandan 30 lane lap travay nan pwodiksyon animal. Li deja rankontre yon ti mouton ki te fèt ak yon sèl je san ,manton ,san bouch ,san nen , mouton sa a pat viv.Wilfredo panse se yon pwoblèm jenetik ki fè pye ti kabrit la pa fin fòme .Maman kabrit la te fè 3 pitit toulède ti kabrit yo pa gen okenn pwoblèm.

Pwodidiksyon plantil yo ak òganizasyon ap kontinye sou fè ITECA a.Swit fòmasyon sou yanm.




Aktivite pwodiksyon plantil ak òganizasyon Ti Boukan yo toujou ak kontinye sou fè ITECA a. Semèn pase a se te OPDM ( òganizasyon Devlopman Ti Plas Melye) ki te reyalize 2400 plantil , semèn sa se ODEPCOM (òganizasyon Devlopman Coray Mwayen ki gen pou reyalize 2400 plantil.

Jou ki 22 avril 2009 la yon ekip fòmasyon ITECA te monte nan mòn Ti Boukan pou kontinye fòmasyon sou yanm ak òganizasyon Ti Boukan yo. Fòmasyon sa sa te fèt sou fò travay pratik kote fòmatè a ki sa agr Ricot Sccut yon espesyalis nan koze yanm te fè plizyè ekip ki pou te travay teknik minisèk la.Teknik minisèk la se yon teknik tou nèf ki pèmèt peyizan yo pwodwi yanm nan pi bon kondisyon epi jwenn pi bon rannman.

jeudi 16 avril 2009

Nou toujou kontan wè w sou Blog ITECA a( Reyalizasyon plantil )

14 pou rive 16 avril 2009 ekip teknik ITECA a ansanm ak APTB ki se Asosyasyon Peyizan Ti Boukan , te prepare yon pepinyè ki gen 2400 plantil ki divize an plizè varyete plantil.Plantil sa yo ITECA ap remèt manm APTB yo pou yo al plante epi distrbiye bay peyizan bò lakay yo. Soti ktivite sa reyalize nan kad sansibilizasyon ITECA ap fè ak peyizan nan seksyon an pou pwoteje anviwonman an epi ankouraje poudiksyon nan seksyon.Seri aktivite sa yo, ITECA ap reyalize yo ansanm ak plizyè òganizasyon peyizan nan seksyon Ti Boukan ki chita nan komin Gresye .










mardi 14 avril 2009

Fèm ITECA Ti Boukan

Iteca gen yon fèm ki gen ladan l: yon poulaye ki gen 550 poul pondez ki ponn plis pase 500 ze chak jou , kana ak pou peyi ak yon kòk amelyore, fèm nan pwodwi 100 ti kochon chak lane. Ti kochon sa yo ITECA vann yo bay peyizan nan zòn nan ak yon pri sibvansyone. Gen yon espas ki amena je pou yon pepinyè pou pwodwi plantil pou vann bay peyizan yo ak yon espas pou fè legim.

















































jeudi 9 avril 2009

Nou kontan wè'w sou Blog Iteca a

Iteca kontan wè w sou blog li a . Iteca chita nan Ti Boukan nan Komin Gresye li te fèt nan lane 1978 . Se yon espas pou twoke lide , fè analiz ak fòmasyon pou ranfòse aksyon òganizasyon peyizan yo. Objektif Iteca se akonpaye òganizasyon peyizan yo nan batay yap mennen pou chanje kondisyon lavi yo.

I
T
E
C

A



Nan mwa Mas 2009 la a ekip teknik Iteca a te òganize yon fòmasyon pou manm òganizasyon peyizan Ti Boukan sou maladi yanm. Te gen plizyè òganizasyon ki te patisipe nan fòmasyon sa a.Se sitou sou pwoblèm mawoka ki tap ravaje jaden yanm peyizan yo, ekip teknik nan te travay ak yo pandan 2 jou,nou pral wè kèk foto sou fòmasyon sa a.