30 lane travay pou zafè moun andeyò a kaba

lundi 11 mai 2009

Vizit elèv Christian Ville nan Ti Boukan











Mekrèdi 6Me 2009 plis pase 400 elèv ak pwofesè yo vizite sant fòmasyon ITECA Ti Boukan. Vizit sa a fèt nan kad aktivite òganize pou make dat premye Me a, objektif aktivite sa a se pou elèv nan Ti Boukan vin konnen ITECA pi byen, epi distribiye pye bwa bay elèv yo. Plizyè ekip ITECA akonpaye elèv yo pou vizite chak seksyon nan Sant lan tankou: espas pwodiksyon myèl, poulaye, pòcheri, jaden legim,pepinyè. Elèv poze anpil kesyon sou aktivite ITECA ap menen yo sou kochon yo ,poul yo ,ak pepinyè a ,elèv yo di nou yo byen kontan vizit la.Lanfen vizit nan chak elèv resevwa yon pye mango pou y al plante lakay yo .

vendredi 8 mai 2009

Fòmasyon sou konsèvasyon sol ak òganizasyon patnè ITECA
















Soti 4Me pou rive 8 Me 2009 plizyè delege òganizasyon patnè ki soti nan diferan komin ITECA ap travay yo tankou : Savanè, Sen Mak ( Pyat ), Akayè, ( Chen Mate), Vèrèt, Gwomòn, Gresye(Ti Boukan ) patisi pe nan yon fòmasyon sou sou konsèvasyon sòl nan Sant Fòmasyon ITECA a.Fòmasyon sa a fèt nan kad akonpayman ITECA ap Bay òganizasyon patnè li pou ogmante pwodiksyon yo.Tèm fòmasyon an se konsève tè nou pou nou ka jwenn plis manje.Objektif fòmasyon se pèmèt delege òganizasyon vin gen plis konesans nan nan fason pou yo konseve,trete epi pwoteje tè yoFòmatè te fè anpil travay pratik ak delege yo nan fèm ITECA: Tankou Ranp vivan , yon te fè konesans kèk nouvo zèb ki bon pou manje bèt men ki ka pwoteje tè tou . delege yo te vizite kèk tavay konsèvasyon sol ki te fèt nan lokalite a pou pote kritik sou. apre fòmasyon plizyè delege ale ak yon kantite semans zèb pou yal plante lakay yo pou bay bèt yo manje epi pwoteje tè yo

lundi 4 mai 2009

Premye Me nan Ti Boukan
















Pou make jounen premye Me 2009 lan Iteca te envite 520 elèv,ki soti nan 4 lekòl ki nan lokalite Ti Boukan, komin Gresye pou vizite Sant Fòmasyon ITECA.Objektif vizit sa a se pou : fè elèv yo konnen ki aktivite k ap fèt nan Sant lan , fè yon sansibilizasyon ak elèv yo sou kesyon anviwonman, ankouraje yo plante pye bwa. Pou kòmanse yon moun nan ekip ITECA a te fè yon rale sou ITECA , ki aktivite ITECA ap mennen,ki kote ITECA travay. Yon lòt moun nan ekip la te pale enpòtans pye bwa nan anviwonman an epi ki jan pou yo plante ti pye bwa yo gen pou resevwa a.Elèv yo te divize an plizyè ekip pou vizite sant lan: nou te vizite ak elèv yo : rich myèl, pòchri,poulaye, jaden legim, pepinyè, sal reyinyon, dòtwa. Nan fen vizit la chak ti moun te resevwa yon ti pye mango pou yo al plante lakay yo.Padan tout vizit la ekip ITECA a bay elèv yo esplikasyon sou espas yo vizite epi reponn kesyon elèv yo poze.Dapre plizyè elèv se premye fwa yo vizite san ITECA a epi yo trè kontan vizit la.